Cynthia Jean Louis ak Hugline Jerôme ap bay detay sou LOL FEST 2018 HD

08.06.2018
Hugline Jerôme ansanm ak Cynthia Jean Louis te nan emisyon an pou pale sou dezyèm edisyon Lol Fest ann Ayiti. Ane sa, Lol Fest ap fèt sòti 25 Jen pou rive 9 Jiyè. 30 Komedyen ki ap sòti nan 7 peyi diferan ap gen pou vin fè moun ri nan plis pase 30 espektak. Òganizatris Lol Fest la, Hugline Jerôme, pwofite pale sou sèn “Dekouvèt” la, ki se yon inisyativ k ap pèmèt jèn imouris pèsòn poko konnen jwenn chans pou pèfòme nan Lol Fest. Li te pwofite anonse ap genyen anpil fòmasyon k ap reyalize nan menm kad Lol Fest la, tankou fòmasyon sou teyat, fotografi, enpwovizasyon, ekriti epi jesyon rezo sosyo yo. Yon moun ki ta vle genyen plis enfòmayon ka vizite lolfesthaiti.com

Похожие видео