Reyalite Bar Resto Hôtel ( BRH) nan pòtoprens: Mesye yo ap temwaye
Nan pòtoprens, BRH , Bar Resto Hôtel yo pa sispann pouse tankou djondjon nan tout kwen. Sa ki ekri aklè, lòt ki diskrè. Espas sa yo reprezante yon altènativ pou anpil moun ki bezwen rankontre epi pase yon moman entim. Nou te pale ak kèk gason ki abitye itilize sèvis espas Sa yo. Ann koute temwayaj yo