Nan magazin Forbes, Bote natirèl Ayiti metel pami 50 peyi ki pi bèl nan mond la. Èske se vre? HD
Malgre eta Ayiti kote gang, la mizè, otorite tèt chaje, ensekirite tout koulè ap fin dechèpiyel, magazin Forbes klasel pami 50 peyi ki gen pi bèl nati nan mond lan. Nou pa kwè? Enben mache prese, vin koute aswè a 9è sou Ayiti Debou, M. Sadais Jeannite, Espesyalis devlòpman touristik. Men depi 8è, ak tout korespondan nou yo, nou pral fouye zo nan kalalou.